Rechèch nan Rejis Piblik Delenkan Seksyèl
Konsèy pou chèche:
- Dapre siyati: Pou chèche dapre non, antre siyati delenkan seksyèl la.
- Dapre kòd postal: Ou ka jwenn yon lis tout delenkan seksyèl ki abite nan yon zòn espesyalman si w antre kòd postal la.
- Dapre Konte: Ou ka jwenn yon lis tout delenkan seksyèl ki abite nan yon Konte sitou si w antre non Konte a.
Rechèch delenkan seksyèl Nivo 1 (oswa delenkan ki gen yon nivo risk annatant):
Lalwa entèdi DCJS afiche sou sit piblik sa a enfòmasyon sou delenkan seksyèl Nivo 1 (nivo fèb), oswa sou delenkan ki gen yon nivo risk annatant. Men, menmsi nou pa ka di w si gen nan katye w delenkan seksyèl Nivo 1 oswa delenkan seksyèl ki gen nivo risk annatant, osinon kiyès yo ye, nou ka di w si yon moun espesyalman nan rejis la. Rele nou nan 1-800-262-3257, ban nou non moun lan ak omwen yon lòt pwen pou idantifye li (yon adrès egzak, dat nesans, nimewo lisans chofè oswa yon nimewo sekirite sosyal) epi n ap fè w konnen si moun sa a se yon delenkan seksyèl ki anrejistre nan New York.
Avètisman:
Sex Offender Registration Act (Lwa sou Anrejistreman Delenkan Seksyèl) egzije pou Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl (DCJS, Division of Criminal Justice Services) konsève yon Rejis Delenkan Seksyèl. Delenkan seksyèl yo klase dapre chans pou residive kòm delenkan seksyèl: risk fèb (Nivo 1), risk modere (Nivo 2) ak gwo risk (Nivo 3). Lwa a egzije tou pou DCJS konsève yon Sou-repètwa piblik sou entènèt ki gen ladan delenkan Nivo 2 ak 3 sèlman. Kounye a, ou sou sit entènèt Sou-repètwa piblik la.
DCJS eseye asire enfòmasyon ki nan Sou-repètwa a egzak ak konplè. Men se lòt sous ki rapòte ba DCJS enfòmasyon ki nan Sou-repètwa a. Poutèt sa, DCJS pa bay ankenn garanti aklè oswa souzantandi done sa yo konplè oswa egzak.
Moun dwe sèvi ak enfòmasyon ki nan Sou-repètwa sa a an granmoun. Nenpòt moun ki sèvi ak enfòmasyon sa yo pou pèsekite oswa pou komèt yon zak kriminèl kont kèlkanswa moun kapab sibi pousuit lajistis kòm kriminèl.
Tanpri, nou vle fè konnen poutèt yon pwosè lajistis Legal Aid Society te fè onon kèk delenkan seksyèl, se pa tout delenkan Nivo 2 ak 3 yo ka mete sou sit sa a pou kounye a. Men, menmsi yon delenkan gendwa pa site sou sit sa a, enfòmasyon sou delenkan seksyèl la disponib pa lentèmedyè # 800 DCJS la nan 800-262-3257.
Si w panse kèlkanswa enfòmasyon ou jwenn nan dosye sa yo pa kòrèk, tanpri kontakte Rejis Delenkan Seksyèl la nan Division of Criminal Justice Services, 80 South Swan St, Albany, NY 12210 oswa pa imèl. Men, si w se yon delenkan seksyèl ki gen kesyon konsènan anrejistreman w, tanpri ekri nou pa lapòs epi mete non w annantye, adrès ak dat nesans ou.

