Division of Criminal Justice Services

Kesyon Moun Poze Souvan sou Rejis Delenkan Seksyèl

1. Kilè New York State Sex Offender Registration Act (Lwa Eta New York sou Anrejistreman Delenkan Seksyèl) antre anvigè?

Lwa a te anvigè nan dat 21 janvye 1996. Depi lè sa, yo te fè plizyè chanjman nan premye lwa a. Ou ka jwenn lwa a sou sit entènèt Sena Eta New York la - New York Laws, Corrections Law 168 (Lwa New York, Lwa Koreksyon 168).

2. Kiyès ki dwe anrejistre kòm delenkan seksyèl?

Nenpòt moun ki te lage sou kondisyon oswa ki te sou pwobasyon osinon ki te nan prizon pou yon krim seksyèl le 21 janvye 1996, dwe anrejistre kòm delenkan seksyèl nan Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl Eta New York ("DCJS"). Anplisdesa, delenkan ki kondane pou yon krim seksyèl nan dat sa oswa apre dat sa, oubyen ki kondane nan pwobasyon, nan prizon lokal osinon nan prizon deta apre dat sa a, dwe anrejistre sito yo retounen nan kominote a.

E plis toujou, delenkan ki tabli rezidans nan Eta New York, men ki te kondane nan lòt jiridiksyon (pa egzanp federal, militè, oswa nan yon lòt Eta/Peyi) dwe anrejistre si yo te kondane pou yon krim ki egzije anrejistreman dapre sa Konsèy Eta New York pou Egzaminen Delenkan Seksyèl detèmine (New York State Board of Examiners of Sex Offenders).

Nenpòt delenkan ki soti nan yon lòt eta oswa peyi ki vin abite nan New York dwe anrejistre nan Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl Eta New York oplita 10 jou apre li demenaje.

3. Kijan yo klase delenkan seksyèl?

Gen twa nivo, ki baze sou risk yon delenkan genyen pou komèt yon lòt krim seksyèl ak pou fè kominote a mal: Nivo 1 (fèb), Nivo 2 (modere) ak Nivo 3 (gwo).

An règ jeneral, tribinal ki bay santans lan ap detèmine nivo risk delenkan an nan moman kondanasyon an (nan ka pwobasyon) oswa nan moman li lage (nan ka prizon oswa penitansye).

Lè yo pral lage nan kominote a yon moun ki komèt krim seksyèl ki nan prizon, Konsèy pou Egzaminen Delenkan Seksyèl la ap evalye dosye a epi l ap ba tribinal la yon rekòmandasyon nivo risk. Tribinal la ap fè yon odyans pou nivo risk epi l ap bay yon nivo pou delenkan an anvan li lage. Nivo risk la detèmine ki kantite enfòmasyon yo kapab bay kominote a.

Genyen twa tit tou yo ka bay yon delenkan seksyèl: predatè seksyèl, delenkan seksyèl vyolan oswa delenkan seksyèl residivis. Se tit sa yo ansanm ak nivo risk yo ki bay dire tan yon delenkan dwe anrejistre.

4. Kisa "predatè seksyèl" vle di?

Yon predatè seksyèl se yon delenkan ki te kondane pou yon zak seksyèl vyolan jan sa defini nan seksyon 168-a Correction Law (Lwa Koreksyon) e ki soufri yon twoub mantal oswa yon anòmali nan pèsonalite ki fè li gen anpil chans pou komèt krim seksyèl vyolan trè agresif.

5. Kisa "delenkan seksyèl vyolan" vle di?

Yon delenkan seksyèl vyolan se yon delenkan ki te kondane pou yon zak seksyèl vyolan jan sa defini seksyon 168-a Correction Law.

6. Kisa "delenkan seksyèl residivis" vle di?

Yon delenkan seksyèl residivis se yon delenkan ki te kondane pou yon krim seksyèl alòske li te kondane anvan pou yon krim seksyèl.

7. Konbyen tan yon delenkan seksyèl rete nan Rejis la?

Delenkan Nivo 1 (risk fèb) dwe enskri pou 20 ane, sòf si yo gen yon tit (pa egzanp predatè seksyèl, delenkan seksyèl vyolan, delenkan seksyèl residivis), e nan ka sa yo fèt pou anrejistre pou lavidiran. Delenkan Nivo 2 (risk modere) ak delenkan Nivo 3 (gwo risk) dwe anrejistre pou lavidiran. Plis enfòmasyon1.

8. Ki obligasyon debaz yon delenkan?

  • Siyen yon fòm verifikasyon anyèl pou voye tounen nan DCJS anvan 10 jou fin pase apre yo resevwa fòm lan pou rapòte chak ane kikote yo abite.
  • Enfòme DCJS alekri sou yon nouvo adrès oplita 10 jou apre yo demenaje.
  • Rapòte anpèsòn nan yon biwo lapolis lokal pou yo pran yon foto resan pou yo chak twa zan (delenkan Nivo 1 ak 2) oswa chak ane (delenkan Nivo 3)
  • Enfòme DCJS alekri de nenpòt enstitisyon edikasyon siperyè yo ladan, yo enskri ladan, yo abite oswa travay ladan. Yo dwe rapòte ba DCJS nenpòt chanjman nan sitiyasyon yo oplita 10 jou apre chanjman an.
  • Bay alekri ki konpayi ki founi yo sèvis Entènèt, non-jwèt sou Entènèt ak adrès imèl yo. Plis enfòmasyon2.
  • Delenkan Nivo 3 ak delenkan ki gen tit predatè seksyèl dwe pèsonèlman konfime adrès yo chak 90 jou ba otorite ki fè respekte lalwa.

Remak: sa a se yon lis responsablite debaz, pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri al gade Atik 6-C nan Lwa Koreksyon an.

9. Èske delenkan dwe rapòte enfòmasyon sou travay yo?

Se sèlman delenkan Nivo 2 ak 3 yo ki gen yon obligasyon pou bay non ak adrès kote y ap travay. Delenkan an dwe voye alekri e siyen ba DCJS nenpòt chanjman ki fèt nan travay yo.

10. Ki konsekans si yon delenkan seksyèl pa respekte egzijans SORA yo (Sex Offender Registration Act)?

Si li pa respekte kenenpòt nan obligasyon anrejistreman, sa nan yon nivo krim. Yon premye kondanasyon ka resevwa pinisyon yon krim Kategori E; yon dezyèm kondanasyon ka resevwa pinisyon yon krim Kategori D.

11. Èske delenkan ki soti nan lòt eta oswa peyi ka vin abite nan New York?

Wi. Yo dwe enfòme DCJS anvan 10 jou apre yo tabli rezidans nan New York, epi lè sa, Konsèy pou Egzaminen Delenkan Seksyèl la egzaminen dosye yo pou detèmine si yo dwe anrejistre nan Eta New York. Si yo dwe anrejistre, alòs yon tribinal kote delenkan an abite a pral fè yon odyans pou detèmine ki nivo risk li.

12. Èske delenkan nan Eta New York kapab al abite nan lòt eta oswa peyi?

Wi. Men, yo dwe enfòme DCJS de nouvo adrès yo oplita 10 jou apre demenajman an. Anplisdesa, delenkan yo dwe enfòme depatman lapolis zòn kote yo vin abite a ke yo abite kounye a nan zòn nan, epi yo dwe konfòme yo avèk kèlkanswa egzijans pou delenkan seksyèl ki genyen nan nouvo jiridiksyon an.

13. Èske lalwa mete limit sou kote yon delenkan seksyèl ki anrejistre ka abite?

Lwa sou Anrejistreman Delenkan Seksyèl pa mete limit sou kote yon delenkan seksyèl ki anrejistre ka abite.

Men, si delenkan an nan libète sou kondisyon oswa nan sipèvizyon pwobasyon, gen lòt lwa Eta New York ki ka anpeche delenkan seksyèl la abite a 1000 pye de yon lekòl oswa lòt etablisman ki okipe timoun.

Anplisdesa, ka gen lwa lokal nan yon konte, vil, ti-vil oubyen vilaj espesyalman ki mete limit pou kote yon delenkan seksyèl ka abite. Pou jwenn enfòmasyon sou lwa lokal yo, li rekòmande pou ou kontakte ti-vil, vilaj, vil oswa konte ki enterese w lan. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ka pwoteje timoun ou, tanpri gade nan kesyon #17 la.

14. Yon delenkan ki nan Rejis la pa abite nan adrès ki nan Rejis la. Kiyès mwen dwe kontakte?

Yon delenkan seksyèl dwe bay DCJS (alekri) nouvo adrès li oplita 10 jou apre li demenaje. Si w gen enfòmasyon pou yon delenkan ki pa abite nan adrès ki rapòte a, ou dwe kontakte biwo aplikasyon lalwa nan zòn ou an.

15. Èske delenkan seksyèl minè dwe anrejistre?

Yon moun yo deklare legalman kòm jèn delenkan oswa delenkan minè pa kondane pou yon krim, epi dosye li pa disponib pou piblik la. Pakonsekan, li pa oblije anrejistre nan Eta New York. Men, yon delenkan minè ki kondane pou yon krim seksyèl oblije anrejistre.

16. Kijan yo divilge enfòmasyon sou yon delenkan?

Ou ka jwenn enfòmasyon sou delenkan Nivo 2 ak Nivo 3 si w tcheke sit entènèt DCJS la, ki gen ladan yon rechèch pou delenkan seksyèl Nivo 2 ak Nivo 3. Dapre lalwa, DCJS pa ka mete delenkan Nivo 1 sou sit entènèt li a.

Apati 15 mas 2010, ou ka enskri kounye a pou resevwa avètisman - pa imèl, mesaj tèks, faks oswa pa telefòn - chak fwa yon delenkan seksyèl Nivo 2 oswa Nivo 3 ki nan sou-repètwa piblik la vin abite, oubyen soti nan yon kominote ki enterese oumenm oswa fanmi w.

Ou ka rele Rejis Delenkan Seksyèl la tou nan 518-457-5837 oswa 1-800-262-3257 pou jwenn enfòmasyon sou tout nivo delenkan seksyèl. Lè w rele nan nimewo gratis la, w ap gen pou bay non delenkan an, ak youn nan kat pwen pou idantifye li yo (swa yon adrès egzak, dat nesans, nimewo lisans chofè oswa nimewo sekirite sosyal).

Anplisdesa, otorite respè lalwa ka di kominote a delenkan seksyèl ki abite nan zòn nan. Si w jwenn enfòmasyon sou yon delenkan, ou ka di lòt moun sa. Men, ou pa ka sèvi ak enfòmasyon yo pou pèsekite ankenn moun ni komèt yon krim kont li.

17. Si m aprann yon delenkan abite nan katye m, kisa pou m fè pou pwoteje timoun mwen?

Ou pa dwe fè timoun yo pè ak detay. Timoun gendwa pa anmezi dijere aspè dezagreyab sèten krim genyen. DCJS gen anpil zouti ansèyman sou sit entènèt li a nan seksyon Missing Children/Safety (Timoun ki Disparèt/Sekirite) pou w itilize lè w ap pale ak timoun yo. Si w panse yon delenkan seksyèl ap komèt yon krim, kontakte biwo aplikasyon lalwa zòn ou an tousuit, menm jan w ta fè nan tout okazyon ou sispèk aktivite kriminèl.

18. Èske m dwe anplwaye yon delenkan seksyèl?

Patwon yo dwe respekte Lwa Eta New York, lwa lokal yo ak lwa federal yo lè y ap pran desizyon pou bay moun travay anrapò avèk kondanasyon moun yo pou krim, tankou moun lajistis te kondane pou krim seksyèl. Dapre Atik 23-A Lwa New York sou Koreksyon, pifò patwon yo gen obligasyon pou fè yon evalyasyon sou chak moun apa lè yo aplike pou jwenn travay konsènan kondanasyon yo pou krim, pou patwon yo detèmine si gen yon relasyon dirèk ant youn oswa plizyè krim anvan epi si travay moun nan ap chèche a oswa si li bay moun travay la sa ta lakòz yon risk ki pa rezonab pou pwopriyete a oswa pou sekirite oswa sante fizik moun espesyal yo oswa piblik jeneral la. Si patwon an vin konnen lajistis te kondane yon moun pou sèten krim, li p ap anboche moun sa a pou sèten travay (gade, seksyon 751 Lwa sou Koreksyon). Pa egzanp, Lwa sou Rejis Delenkan Seksyèl (Sex Offender Registration Act, SORA) pa pèmèt yon delenkan seksyèl travay nan yon kamyon k ap vann krèm glase.

19. Èske m dwe lwe yon delenkan seksyèl yon apatman?

DCJS pa ka bay konsèy legal sou dwa ak devwa yon mèt kay. Ou ta dwe kontakte yon avoka. Si w pa gen yon avoka, ou ka kontakte Sèvis Enfòmasyon ak Referans Avoka Asosyasyon Bawo New York (Bar Association Lawyer Referral and Information Service) la nan 1-800-342-3661.

20. Antan viktim abi seksyèl, kikote m ka jwenn èd?

Al gade nan Information for Victims (Enfòmasyon pou Viktim) pou jwenn plis enfòmasyon sou kote ou ka mande èd.

21. Kijan pou m kontakte Rejis la?

Ekri nan:
NYS Division of Criminal Justice Services
Sex Offender Registry
Alfred E. Smith Building
80 South Swan St.
Albany, New York 12210
Telefòn: 518-417-3384
Imèl: SORRequests@dcjs.ny.gov

22. Kikote mwen ka jwenn enfòmasyon sou moun ki nan yon prizon oswa penitansye nan Eta New York?

Ou gendwa ale sou sit entènèt New York State Department of Correctional Services (Sèvis Depatman Koreksyon nan Eta New York), ki pèmèt ou jwenn enfòmasyon sou prizonye ki nan yon prizon nan Eta New York.

Ou ka ale tou nan VINELink, ki se vèsyon sou entènèt Victim Information and Notification Everyday (VINE, Enfòmasyon ak Notifikasyon Viktim Chak jou), National Victim Notification Network (Rezo Nasyonal Notifikasyon Viktim), epi klike sou New York State (Eta New York) pou jwenn moun ki nan prizon lokal yo.



1 Chapit 1 nan lwa 2006 yo te pwolonje dire anrejistreman pou yon delekan seksyèl ki anrejistre.

Lwa sa a te antre anvigè le 18 janvye 2006. Kounye a, yon delenkan Nivo 1 ke yo pa te bay yon tit predatè seksyèl, delenkan seksyèl vyolan oubyen delenkan seksyèl residivis dwe anrejistre pandan 20 ane. Yon delenkan Nivo 1 yo te bay tit sa yo, ansanm ak tout delenkan Nivo 2 ak Nivo 3 dwe anrejistre pou lavidiran san gade si yo te ba yo tit sa yo.

Dapre Seksyon 168-o Lwa Koreksyon an, yon delenkan seksyèl Nivo 2 ki pa te resevwa yon tit predatè seksyèl, delenkan seksyèl vyolan oswa delenkan seksyèl residivis, ki te anrejistre ominimòm pandan 30 an, ka jwenn li pa gen obligasyon ankò pou anrejistre lè tribinal ki te bay santans lan oubyen tribinal ki te bay desizyon konsènan dire anrejistreman ak nivo notifikasyon an akòde li yon petisyon pou reparasyon.
Yon delenkan Nivo 2 oswa Nivo 3 ka fè yon petisyon bòkote tribinal ki te bay santans lan oswa tribinal ki te bay desizyon konsènan nivo notifikasyon an pou yon òdonans pou chanje nivo notifikasyon an. Delenkan an dwe kontakte avoka li oswa tribinal kote li te kondane a pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou fè dapre Seksyon 168-o Lwa Koreksyon an.

2 Electronic Security and Targeting of Online Predators Act (Lwa pou Sekirite Elektwonik ak pou Sible Predatè sou Entènèt), ke Chapit 67 nan Lwa 2008 yo te ajoute, te antre anvigè le 28 avril 2008.

Lwa a egzije pou tout delenkan seksyèl ki anrejistre yo rapòte ba DCJS tout kont entènèt ak konpayi ki founi delenkan sa yo sèvis Entènèt, ansanm ak tout adrès imèl e tit delenkan sa yo kreye pou tchat, voye mesaj enstantane, pou rezo sosyal oswa lòt kominikasyon entènèt nan menm jan. Anplisdesa, yon delenkan seksyèl ki anrejistre dwe enfòme Divizyon an oplita 10 jou apre nenpòt chanjman nan enfòmasyon sou entènèt yo ki mensyonnen anwo a.

Se yon krim si yo pa respekte sa. Se yon krim E lè yo kondanme pou premye fwa yo pa konfòme yo avèk nenpòt egzijans anrejistreman, e yon krim D pou tout kondanasyon annapre. Si yo pa anrejistre, yo pa konfime oswa yo pa bay enfòmasyon obligatwa yo jan sa dekri anwo a, sa ka sèvi kòm baz pou anile libète sou kondisyon oswa pwobasyon.

Si sit entènèt rezo sosyal ki gen manm ki poko gen laj 18 an mande sa, lalwa otorize DCJS ba yo enfòmasyon entènèt delenkan seksyèl yo. Sit entènèt yo gendwa itilize enfòmasyon yo pou seleksyone davans oswa pou retire delenkan seksyèl nan sèvis yo ak/oswa enfòme otorite respè lalwa sou menas ki ka gen pou sekirite piblik la ak/oswa vyolasyon lalwa. N ap fè remake DCJS pa kontwole si sit entènèt yo retire delenkan nan sit yo, ni lwa a pa entèdi delenkan sèvi ak Entènèt.

Lwa a egzije, kòm yon kondisyon pou pwobasyon oswa pou lage sou kondisyon, pou gen restriksyon obligatwa sou aksè yon delenkan seksyèl genyen sou entènèt nan ka kote delenkan seksyèl la te kondane pou yon krim seksyèl kont yon moun ki poko gen 18 an oswa li te sèvi ak Entènèt pou komèt krim lan. Pa egzanp, y ap entèdi delenkan seksyèl la sèvi ak entènèt pou jwenn aksè nan materyèl pònografik ak nan sit entènèt rezo sosyal. Menm restriksyon yo aplike pou tout delenkan seksyèl Nivo 3 ki nan pwobasyon, ki lage sou kondisyon oswa ki nan sipèvizyon libète sou kondisyon.